Nan yon moman kote vil Ansdeno ap fè fas ak gwo difikilte anviwònmantal, sitou inondasyon ki vin tounen yon fenomèn regilye, yon nouvo pwogram anviwònmantal ap parèt tankou yon repons dirab. Selon plizyè obsèvatè, agronòm ak responsab lokal yo, sitiyasyon sa a gen rapò dirèk ak degradasyon mòn ki antoure vil la, kote mank pyebwa ap favorize ewozyon tè a. Lè lapli tonbe, tè yo pa kenbe ankò, yo desann nan lagon an, ki fini pa debòde epi lakòz inondasyon nan vil la.

 

Se nan kontèks sa a agronòm Othniel BEAUBRUN lanse yon gwo pwogram ki pote non “Ansdeno Verte”, yon inisyativ rebwazman ki gen pou objektif ogmante kouvèti vejetal mòn yo jiska 75% nan senk (5) ane.

 

Pwogram sa a chita sou yon prensip senp men fò: “yon elèv, yon pye bwa.” Chak elèv nan vil Ansdeno ap gen responsabilite pou li pwokire yon pye bwa ki koute 100 goud. Pye bwa sa a ap vin pwopriyete elèv la, pa sèlman sou plan senbolik, men tou sou plan responsabilite.

 

Chak elèv ap gen dwa vizite pye bwa pa li lè li vle, epi li ap kapab deziyen yon kòd oswa yon non pou idantifye li. Aksyon sa a vize kreye yon lyen emosyonèl ak anviwònman an, pou ankouraje jèn yo pran swen lanati depi yo piti.

 

Pwogram nan ap kòmanse 1e me ane sa a ak twa lekòl pilòt. Apre sa, ekip òganizatè yo planifye pou yo elaji inisyativ la lekòl apre lekòl, jiskaske yo rive touche tout etablisman eskolè nan vil la.

 

Objektif final la se konnen apre senk (5) ane, chak elèv nan Ansdeno gen omwen yon pye bwa sou non li nan mòn ki antoure vil la. Sa ap reprezante pa sèlman yon reyalizasyon anviwònmantal, men tou yon eritaj kolektif jenerasyonèl.

 

Dèyè pwogram sa a, gen yon vizyon teknik klè: redwi ewozyon tè a, ranfòse kapasite mòn yo pou kenbe dlo lapli, epi diminye kantite sediman ki antre nan lagon an. Selon espesyalis yo, si kouvèti vejetal la ogmante, risk inondasyon yo ap bese konsiderableman.

 

Agronòm Othniel BEAUBRUN soulinye : solisyon an pa sèlman teknik, men sosyal tou. Se yon batay kote chak sitwayen, sitou jèn yo, dwe vin aktè chanjman.

 

Nan sans sa a, “Ansdeno Verte” lanse yon apèl ouvè ak tout enstitisyon, antrepriz, òganizasyon lokal ak entènasyonal, ansanm ak tout moun ki gen bon volonte, pou vin esponsò oswa sipòte finansyèman ak teknikman pwogram nan. Chak sipò ap kontribye dirèkteman nan rebwaze mòn yo, diminye risk inondasyon yo, epi konstwi yon Ansdeno ki pi vèt, pi an sekirite, ak pi dirab pou jenerasyon k ap vini yo.

 

Magduel BEAUBRUN