Ann Chante Kreyòl retounen ak yon dezyèm edisyon ki pwomèt anpil. Premye edisyon an te lanse an 2022 sou lobedjans L’ORIOL PRODZ. Inisyativ kiltirèl sila a vize yon lòt fwa ankò mobilize jèn yo nan komin Kafou pou mete an valè lang ak patrimwàn ayisyen an, pandan l ap pwopoze yon lòt fòm divètisman. 

 

Nan yon kontèks kote enfliyans kilti etranje yo ap vale teren, espesyalman sou rezo sosyal yo, òganizatè yo vle pwopoze yon altènativ konkrè. Atravè konkou sa a, yo gen anbisyon rekonekte jèn yo ak rasin kiltirèl yo pandan y ap ofri yo yon espas reyèl pou yo eksprime yo nan domèn atistik la.

 

Ann Chante Kreyòl pa limite sèlman ak yon senp konpetisyon mizikal. Pwojè a vize mete limyè sou jèn talan ki souvan pa gen espas pou yo montre sa ki nan djakout yo. pandan li ankouraje zèv ayisyen ki pote mesaj lapè ak patriyotis. Gayan yo ap benefisye tou yon sipò pou fasilite entegrasyon yo nan endistri mizik pwofesyonèl la.

 

Konkou a vize elèv nan Nouvo Segondè. NS1 rive NS4. Patisipan yo pa p peye yon pyas pou yo enskri. Se GRATISSS! Gen rekonpans finansye ki prevwa pou twa premye gayan yo: 50 000 goud pou premye pri a, 30 000 pou dezyèm nan, epi 15 000 pou twazyèm nan.

 

 

Anplis de yon espas pou yo pwouve talan yo, patisipan yo ap jwenn yon bon ankadreman pedagojik atravè divès atelye ki konsantre sou istwa ak evolisyon kreyòl ayisyen an. Objektif la se fòme jèn ki pa sèlman kapab fè pèfòmans, men ki ka metrize ekriti lang yo tou.

 

Pou plis enfomasyon, entèrese yo kapab kontakte òganizatè yo nan nimewo sa yo: 4726-0738, 4301-4139, 3568-6965 oswa ekri yo nan adres eletwomik yo, annchantekreyol@gmail.com

 

Pou dezyem edisyon sila a, Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne konte pami gwo sipòtè ki pote konkou sila a. Ann Chante Kreyòl vle tabli tèt li kòm yon gwo randevou kiltirèl nan Kafou, pandan l ap kontribye nan transmisyon ak valorizasyon idantite ayisyèn nan pami jèn jenerasyon yo.